Ayiti Nan Kafou Chanjman an

Ilio Durandis
Haiti Global
Published in
4 min readNov 19, 2018

--

Chanjman N’ap Mande

Nou dwe reyalize jounen jodi-a Ayiti nan wout chanjman, men pwoblèm nan, li nan wout anachi total kapital la tou. Nou rive nan yon kafou desizif, kote sitwayen anndan peyi sa dwe pozisyone yo a klè, swa nou vle chanje tout bagay nèt epi rekomanse ak yon peyi tou nèf, swa nou rete jan nou ye la ap atake youn lòt pou nenpot ti bagay epi refize mete konesans nou ansanm pou nou rive ak solisyon enklisiv pou byen sosyete-a.

Ayiti nou an malad nan tout selil li. Reyelman, pa gen wout pa bwa. Majorite moun ka wè jan bagay yo ye la, okenn moun pa ka asepte kontinye ladann. Moman pou kestyone rezilta dirijan an plas yo pase. Jodi-a, si tout bon, nou bouke, nou dwe makonnen vwa nou ansanm, pou nou kriye byen fò pou nou rele: Ase.

Wi, ase ak koripsyon ki anpeche bon jan pwojè devlopman tame anndan peyi-a. Ase ak enpinite ki bay kouvèti ak sila kap toupizi tout kouch sosyal yo, aprè pou yal kache dèyè zanmi yo ki gen pouvwa. Ase ak fo pwomès ki pa ka ateri. Ase ak vyolasyon dwa tout moun, ansanm ak konstitisyon an. Ase ak tout entolerans ki anpeche chak grenn Ayisyen jwe wòl entegral yo nan sosyete a tankou bon jan sitwayen. Nou rive nan kafou pou nou chwazi chanjman oswa rete menm jan. Ki chwa w patriyot?

Chanjman majorite lan nou ap mande la, se pa senpleman mo chanjman-an, men se yon chanjman nan mantalite nou kòm sitwayen; se yon chanjman ki baze sou prensip aksyon sivik ak moral pou yon sosyete kote ide ki pi bon yo dwe jwen limyè, menm le se pa yo ki pi popilè. Nou bouke ak fo-demokrasi, kote opinyon ki soti nan ti klan ka pase pou opinyon majorite-a. Nan bon demokrasi, sitwayen avize, ki gen tèt yo byen poze sou epòl yo dwe analize epi konpare sa ki bon pou anpil moun ak sa ki bon pou klan pa yo, epi deside. Depi nou rete nan lojik ti ekip anndan gwo ekip la, nou poko ka pale de chanjman majorite moun yo ap tann nan.

Divèsite nan ide, se li ki bay ide a fòs. Chanje sistèm nan, jan nou komanse wèl la, se pa yon bagay ki ka fèt ak powerpoint, nan sal konferans, ak ti zanmi ki konfòtab ak tout ti slogan, ak emosyon san aksyon tanjib, paske san moun k’ap koule yo, anpil fwa se moun ki pi fèb yo, pa sipoze pase nan dilatwa ki kache nan entansyon mesken ki vle maske sa nou tout vle pou sa yon ti ponyen ta swete. Ayiti se yon peyi ki te demare nan enstabilite pwòp fondatè li yo, jodi-a nou menm jenerasyon ‘Challenger-a’ dwe leve nivo diskou nasyonal la ak fason nou vle aji fas a enjistis sosyal ak politik la.

Mouvman sosyal ki deklanche revèy sitwayen nan tout kwen peyi-a, pa gen mèt. Eseye fè dap piyanp sou yon momentum popilè pou mete limyè moman-an sou yon sèl gwoup se deja yon defèt pou chanjman nou bezwen-an. Jodi-a, si nou aprann de echèk klas politik tradisyonèl ansanm ak lòt mouvman sosyal ki pat janm rive fè siksè, nou tap konnen lit sa ki demare la paka rive nan bout li si nou pa makonnen fòs nou tout ansanm pou nou soti ak yon konsansis nasyonal, kote sitwayen Ayisyen an ka rezone: Chanjman-an se li menm li ye.

Se pa sa yon gwoup pral vinn di ki dwe chanje, ki chanjman; men pito se lè chak grenn ayisyen antre nan konsyans li pou l di, li vle Ayiti pal la menm jan ak pa vwazen li an. Se la, e selman la, nou ka komanse konprann lit sosyal ak politik ki dwe fèt pou chanjman sistèm malsen sa.

Pa gen sitwayen ki pa gen plas yo nan lit pou yon pi bon peyi. Pa gen sitwayen ki gen otorite pou ekskli okenn lòt sitwayen nan patisipe nan yon kòz pou yon Ayiti pi solid. Pou nou chanje, fòk nou asepte chak moun ak tou kapasite yo ansanm ak tout feblès yo. Rezon pi fò-a, pa toujou rezon ki pi bon-an. Chanjman se yon maraton ki mande bon jan preparasyon. Majorite Ayisyen konsyan Ayiti bezwen yon bon chanjman, men chak grenn Ayisyen refize chanje tèt yo pou byen kolektif la. Sakrifis la, se nou tout ki pou fèl ansanm.

Wi nou nan wout chanjman, men sa pa vle di nou pral chanje. Si mantalite nou pa diferan de mantalite moun ki koz echek ak fayit peyi-a, pa ki mwayen nou oze panse nou ka chanje sistèm nan. Nou nan pwen pou yon lòt altènatif, yon chanjman ki fonde sou kapasite, merit ak etik. Lit zansèt nou yo se te pou libète, nou men jodi-a nou dwe batay pou yon sèl Ayiti pou tout pitit li. Pa dwe gen diskou divizif, ni fòs kote, tout Ayisyen ki vle Ayiti pi bon, angaje w. Viktwa final la, se pou pèp vanyan li ye.

--

--

Ideas and actions. Train in science. Analytical thinker. Follow me @durandis or my project @haitibio